500 Braças (kreyòl ayisyen)

Ekspozisyon 500 Braças la envite piblik Mize Paranaense a dekouvri kreyasyon Fratènite Vilanismo a, yon kolektif atis ki mare ansanm pratik kreyatif, eksperyans teritoryal ak konstriksyon kominotè. Lè ekspozisyon an mete an kesyon limit ki separe andedan ak deyò Mize a, li depase fwontyè fizik ak senbolik li yo atravè Cortejo Negro a, ki te dewoule nan jou ouvèti a. Mache kolektif sa a travèse lari vil Curitiba kòm yon jès rekonesans ak onè pou prezans, memwa ak eritaj afriken ki fòme vil la, menm lè listwa te souvan chwazi fè yo vin envizib.

Ane 2026 la make 150tyèm anivèsè fondasyon Mize Paranaense a, yon enstitisyon ki kontinye poze tèt li kestyon sou plas li nan sosyete a ak sou narasyon li kontribye pou konstwi. Pandan tout chemen sa a, MUPA ap chèche kreye nouvo lyen ant pase ak prezan, atravè dyalòg, rankont ak kwazman ant diferan fòm konesans, pratik kiltirèl ak teritwa. Nan sans sa a, ekspozisyon an antre nan yon seri inisyativ ki vize elaji espas refleksyon ak echanj ki alimante aksyon Mize a nan tan prezan an.

Lè Fratènite Vilanismo a reentèprete konsèp 500 Braças la — yon mezi tè ki te etabli pa Lwa sou Tè nan lane 1850 la epi ki, nan listwa, te sèvi kòm zouti eksklizyon kont popilasyon nwa ak pèp endijèn yo — li transfòme eritaj sa a an yon matyè kreyatif, powetik ak politik. Devlope an dyalòg ak Sant Eksperimantal Atizay Serigrafik/Caderno Listrado a, ekspozisyon an chanje sans yon mezi ki te fèt pou trase limit ak separe moun, pou fè l tounen yon espas rankont ak konstriksyon kolektif : bra ki lonje youn bò kote lòt, ki ini fòs yo pou imajine, soutni ak fè boujonnen nouvo teritwa egzistans, diyite ak posiblite.

 

MUSEU PARANAENSE

___

 

 

Nan lane 2022, pandan otorite brezilyen yo t ap selebre a 200 lane endepandans Brezil ak 100 lane depi Semèn Atizan Modèn´n nan, yon gwoup jèn atis nwa ki soti nan zòn metwopolitèn São Paulo te òganize yon mouvman opozisyon. Jèn sa yo pat sèlman leve kont selebrasyon an , men yo te itilize li kòm yon premye pa pou konstwi lòt imajinasyon sou peyi a. Vèsyon yo te vre pou Brezil la te vin tounen yon dekor kote yo te pwojte yon jès estetik ak politik ki te fò anpil, men ki te chaje ak afeksyon tou: kreyasyon yon fratènite atistik ki, an referans ak anpil “isms” ki make istwa kolonyal ak kiltirèl nou an, te resevwa non VILANISMO.

Nan dat 2 oktòb 2022, jou ki make 30 lane depi Masak Carandiru a, kote 111 prizonye te asasinen pa Polis Militè São Paulo, atis yo te lanse kont-manifès yo andedan ansyen Paviyon 9 nan prizon an. Pou onore memwa viktim yo, sivivan yo ak fanmi yo, yo te deklare: “Nou siviv lanfè pwojè yo rele Brezil la. Nou mezire pozisyon li nan gade li epi nou wè kè li lou anba koupabilite privilèj li yo”. Pandan memwa atis boujwa ki, yon syèk anvan, te prezante tèt yo kòm aktè yon “revolisyon estetik” te kontinye selebre, jèn periferik yo te pwoklame tèt yo: “Nou se mechan yo, timoun geto yo, ti vakabon yo. Yo toujou klase nou dapre Lwa sou Vagabondaj la (…). Se risk la ki ini nou!”. Kidonk, selebrasyon endepandans lan ak modènizasyon li a te oblije gade pwòp kontradiksyon yo nan klas opozisyon VILANISMO la: yon kont-koud senbolik ki retounen naratif nasyonal la bay moun li te istorikman depouye, kriminalize, anprizonnen ak elimine yo.

Malgre yo te reklame imaj “mechan” la, manm VILANISMO yo pa t kite tèt yo fèmen nan imaj sa a. Kote moun te espere jwenn kòlè, rebelyon ak revanj, yo te fè parèt yon etik afeksyon, swen ak delikates. Nan linyon pa eksperyans yo kòm gason, atis, nwa ak moun periferik, yo te pran angajman pou konstwi yon fratènite ki kapab soutni lit istorik yo, ede youn lòt nan lavi chak jou, konbat vyolans rasis ki make kò nwa yo epi panse yon maskilinite nanepòk nou an nan yon fason radikal. Atravè rezistans atistik, ekspozisyon, atelye, parad, deba, piblikasyon ak anpil lòt aktivite, fratènite VILANISMO la te fè chak nan manm li yo grandi, montre jan lanmou kapab genyen yon fòs vrèman revolisyonè.

Kounye a, ansanm ak atelye gravi Caderno Listrado, vilan yo okipe MuPA ak rezidans-ekspozisyon 500 BRAÇAS la. Ekspozisyon an pa sèlman dewoule nan galri yo, men tou nan jaden mize a, kote yo prezante yon nouvo travay kolektif ki rele Mwen se yon gason (2026). Tit ekspozisyon an fè referans ak yon mezi tè ki te itilize nan Lwa sou Tè 1850 la pou òganize vant ak komèsyalizasyon tè nan Brezil, yon sistèm ki te anpeche nenpòt redistribisyon oswa reparasyon. Se poutèt sa, ekspozisyon an mete aksan sou youn nan objektif politik prensipal VILANISMO la: dwa pou gen aksè ak tè a. Leve nan favela ak periferi, manm yo konnen byen konsekans inegalite istorik sa a. Fas ak ansans reparasyon apre yon abolisyon esklavaj ki pat janm fini vrèman, yo sèvi ak atizan yo kòm yon zouti pou reklame dwa yo. Plis pase yon metafò, tè a parèt isit la kòm yon bezwen reyèl: jwenn yon espas kolektif nan sant São Paulo kote yo ka kreye, rankontre epi bati lavni yo ansanm.

Ekspozisyon 500 BRAÇAS la reyini travay vilen yo Ayọ̀kàndé, Carinhoso, Daniel Ramos, Denis Moreira, Diego Crux, Guto Oca, Rafa Black, Ramo, Renan Teles, Robson Marques ak Rodrigo Zaim, epi li prezante dènye eksperyans yo rele CuradoTRETA, yon teknoloji sosyal ak konesans ki sèvi ak zouti kuratoryal yo pou detounen lojik enstitisyonèl yo ak diskou pouvwa yo. 

Nan yon epòk kote monte fachis ak politik rayisman yo ap eseye reòganize relasyon sosyal atravè vyolans, VILANISMO kontinye defann fratènite kòm yon fòm rezistans ak yon fason pou konstwi byen komen. Pratik yo pa limite sèlman ak denonse enjistis, men li chèche bati relasyon sansib ak politik ant moun ki te istorikman ekskli yo ak alye yo. Lè yo mete rankont, swen ak pataj nan sant egzistans yo, fratènite a reafime ke atizay pa dwe yon privilèj pou kèk moun sèlman, men yon espas vivan kote kominote yo kapab reyini ankò devan menas efondreman sosyete a “O risco nos une!”.

 

CLARISSA DINIZ